top of page
Home - CR

N ap Konstwi yon Kominote ki jen

Jistis Egal Ego pou Tout Moun

Legal Services of Greater Miami founi sèvis legal gratis pou kominote ki gen yon ti revni tou piti ki nan Konte Miami-Dade ak Konte Monroe e yo rekonèt pwogram sa kòm youn nan pi gwo pwogram ki ofri sèvis legal.

Nou founi bon jan sèvis legal nouvo, efikas ki ede dè milye de endividi ki manb nan kominote nou an chak ane, pou kreye yon enpak pozitif sou tout kominote a a lawonnbadè.

 

Kisa Nou Fè

What We Do - CR
Kisa Nou Fè

Aksè a lojman an sekirite epi ki estab se poto mitan yon kominote ki an sante. Avoka nou yo asire ke fanmi yo kontinye gen aksè a lojman an sekirite epi ki rezonab. Avoka nou yo ede lokatè nan Seksyon 8, lojman piblik, ak lojman prive ak plizyè kesyon legal tankou:

  •         Eviksyon

  •         Sispansyon

  •         Kondisyon Lojman

  •         Diskriminasyon

Pwoprieyte (lè yon moun posede kay)

Mwayen ki pi komen pou fanmi konstwi richès se a travè pwopriyete. Avoka nou yo ede mèt kay ki gen pwoblèm:

  •         Pose sele/sezi

  •         Pwoblèm ak Kontraktè

  •         Pwoblèm ak Tit kay

Benefis Piblik

Anpil moun nan kominote nou pa gen ase aksè a bezwen premye nesesite yo. Nou fè pledwaye pou asire nou ke endividi ak fanmi yo gen aksè a benefis ke gouvènman an detèmine ki kapab fè pwomosyon estabilite pou tou de ansanm ak kominote nou an. Nou ede ak refi, sispansyon, ak rediksyon:

  •         Koupon manje

  •        Asistans kach

  •        Asistans pou rejwenn travay

  •        Benefis Enfimite Sekirite Sosyal

Edikasyon

Disparite nan rezilta edikasyon pou timoun ki gen bezwen espesyal byen dokimante. Avoka nou yo asiste elèv ki gen enfimite pou:

  •         Jwenn yon plan edikasyon endividyalize (IEP)

  •         Ranfòse yon IEP ki ekziste deja

Devlopman Kominotè

Kreyasyon lojman rezonab esansyèl pou asire ke manb yon kominote gen aksè a lojman nan katye yo. Pou dekouvri plis travay nou fè pou kreye lojman rezonab ak sipòte ti biznis piti klike la.

Swen de Sante

Jwenn aksè a sistèm swen medikal kapab konplike. Avoka nou ede nan:

  •         Refi Mediked ak sèvis

  •         Pwoblèm ak Sante Piblik (PHT) nan Sistèm Sante Jackson nan        Aksè a asirans sante a travè yon plan sou mache a

  •        Refi benefis esansyèl swen de sante nan yon plan sou mache a oswa plan asirans yon anplwayè

Pwoteksyon Konsomatè

Biznis magouy yo souvan sible kominote ki pa touche anpil kòb yo nan vye pratik magouy biznis yo a. Avoka nou yo ede nan:

  •         Poze sele sou chèk travay ak kontanbank

  •         Pwoblèm prè etidyan

  •         Pwoblèm prè sou chèk travay

  • Dispit ak rapò kredi

Enpo sou revni (Taks)

Pwoblèm ak Sèvis Kontribisyon (IRS) kapab konplike e souvan debouche sou yo kenbe lajan taks ou. Avoka nou yo ede kontribiyab yo nan:

  •         Dèt taks

  •         Vòl idantite

  •         Fwod moun k ap prepare taks pou wou

Get Help - CR

Jwenn Asistans

Aplike pou Sèvis

Klike la pou w aplike pou sèvis nou pa entènèt. Pou w aplike pou sèvis nou an pèsòn oswa pa telefòn klike la pou enfòmasyon. 

Oto-Asistans

Pou resous pou nou ede tèt nou, tanpri vizite floridalawhelp.org. Epitou ou kapab vizite chèn YouTube nou an pou videyo ki eksplike pwosesis eviksyon an pou nou kapab ede tèt nou pou kont nou.

Repons Legal gratis

 

Pou rapid ak gratis repons legal pou kesyon vizite florida.freelegalanswers.org

Kisa Nou Fè Brochures

Pwogram Edikasyon sou Dwa Lokatè yo

Konte Miami Dade patwone

COVID-19

COVID-19: KESYON MOUN POZE SOUVAN 

PWOBLÈM POU LOKATÈ

​​

 

Mwen pa gen ase lajan pou lwaye mwa sa, èske mèt kay la kapab degèpi m?

Moratoryòm Eviksyon Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) te emèt la pa an vigè ankò, e pa gen ankenn moratoryòm an plas pou pwoteje lokatè Florid yo kont degèpisman. Se premye fwa depi mas 2020 ke pa gen moratoryòm an plas pou pwoteje lokatè Florid yo kont degèpisman. 

 

Anba lwa Florida, lokatè ki pakab peye lwaye yo akoz COVID-19 pap gen anpil pwoteksyon kont pwosesis degèpisman.  

 

Si w resevwa notis nan men mèt kay ou ki mande w pou w peye lwaye oswa pou w demenaje oswa si mèt kay ou depoze yon pwose degèpisman kont ou, ou ta dwe kontakte Legal Services imedyatman pou wè si nou kapab ofri w asistans legal nan: https://www.legalservicesmiami.org/contact-hours 

Si w paka peye lwaye ou, ou ta dwe aplike pou asistans lwaye imedyatman. W ap wè tout pwogram asistans lwaye k ap aksepte aplikasyon kounye a sou sit èntènèt sa:  https://www.axishelps.org/rent

 

Pou plis enfòmasyon sou pwosesis degèpisman an, li panflè nou an: Kijan Pou W Reponn A Degèpisman ou a Pandan e Apre COVID-19

 

Si ou bezwen asistans pou w ekri yon repons pou yon pwose degèpisman, sit entènèt sila kapab ede w kreye yon repons: http://floridaevictionanswerbuilder.org/

 

 

Mèt kay mwen te depoze yon pwose degèpisman kont mwen plizyè mwa de sa. Tribinal la te jwenn yon manda degèpisman kont mwen, men moratoryòm CDC a te pwoteje m e mwen toujou ap viv nan kay la. Ki sa k ap rive nan ka mwen an?

 

Mèt kay ou a va siman mande pou LaPolis fè w soti nan kay la. Konte a kapab revize ka ou dabò pou detèmine si mèt kay ou a vle aksepte asistans lwaye. Mentou, pa gen ankenn garanti ke sa ap rive oswa ke sa ap anpeche yo degèpi w.  

 

Apre ke jij la bay lòd pou yo degèpi w, konmi tribinal la va emèt yon “Manda Poze Sele.” Dokiman sa ki soti nan tribinal la ba la polis dwa pou retire w ansanm ak tout efè pèsonèl ou lakay ou. Answit, la Polis ap poste Manda a sou pòt ou. Manda a ap di w ke la polis ap tounen nan 24èd tan pou retire w nan kay la. Pandan la polis dè fwa kapab retounen plis ke 24èd tan apre, ou pa kapab konte sou tan ekstra. Ou ta dwe rete kwè ke ou oblije fè plan pou w kite kay la imedyatman si w resevwa yon notis 24èd tan.

 

Si w resevwa yon Manda Poze Sele (Manda Posesyon) e ou pa gen ankenn kote pou w ale, ou ta dwe kontakte Liy Enfòmasyon pou Sanzabri yo: 1-877-994-4357

 

M gen difikilte pou m jwenn asistans lwaye. Kisa m ta dwe fè?

 

Si mèt kay ou te refize aksepte asistans lwaye oswa pwogram asistans lwaye a rejte aplikasyon ou a, ou ta dwe kontakte Legal Services pou wè si nou kapab founi w asistans legal:  https://www.legalservicesmiami.org/contact-hours 

 

M te gen pwoteksyon moratoryòm CDC a kont pwosesis degèpisman, èske mwen toujou dwe lajan lwaye a?

Wi.  Menm si ou te gen pwoteksyon moratoryòm CDC a, ou toujou dwe lajan lwaye a ansanm ak mèt kay ou a. Epitou ou kapab aplike pou asistans lwaye nan pwogram sila yo:  http://axishelps.org/rent

 

 

Mwen gen yon koupon Seksyon 8, lojman piblik, oswa lòt lojman ke leta sibvansyone e mwen pèdi travay mwen oswa lè travay mwen diminye. Kisa mwen ta dwe fè?

Imedyatman rapòte ke ou pèdi travay ou pou yo kapab ajiste lwaye ou. Lwaye mwa pwochen an ta dwe baze sou nouvo revni ou. Si gen yon delè nan ajisteman lwaye ou akoz kriz COVID-19, ou ta dwe jwenn yon ajisteman nan lwaye a ki retwoaktif.

​Kondisyon yo pa bon menm lakay mwen e mèt kay la pa deside fikse anyen, kisa mwen kapab fè?

 

Si pwoblèm nan inite ou afekte sante w ak sekirite w, mande mèt kay la pou li fè reparasyon yo imedyatman. Si mèt kay la refize fè reparasyon yo, voye yon lèt sètifye ba mèt kay la pou mande l pou l fè reparasyon yo nan yon delè 7 jou a pati dat lèt la osinon w ap kenbe lajan lwaye a. Epitou, revize kontra lwaye ou pou wè ki dwa ou genyen. Pou plis enfòmasyon sou pwosesis pou kenbe lajan lwaye, li panflè nou an sou reparasyon kay epi kontakte Legal Services. 

 

 

Mèt kay mwen vle antre lakay mwen, men m pa vle moun lakay mwen pandan kriz sa. Èske mwen kapab anpeche mèt kay la antre?

Petèt. Si gen yon ijans, tankou yon tiyo ki kase, mèt kay ou a kapab antre nenpòt ki lè. Nan lòt sityasyon, tankou ti reparasyon piti, pou montre lòt lokatè kay la, oswa pou enspeksyon, ou pa kapab anpeche mèt kay la antre san rezon valab. Rezon valab la depann de evenman yo. Mentou, ak kriz COVID-19, li parèt rezonab pou mande mèt kay la pou l pote yon mask oswa rete tann pou li antre lakay ou, espesyalman si ou nan karantèn. Nan tout sikonstans ki pa ijans enpòtan, mèt kay la ta dwe ba w omwen yon avi 12zèd tan epi antre sèlman ant 7:30 am ak 8 pm. Epi, toujou revize kontra fèm kay ou pou wè si ou pa gen ankenn lòt pwoteksyon.

JWENN PEMAN STIMULUS ou pa ranpli taks ou

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

PWOBLÈM KI GEN RAPÒ AK DÈT KONSOMATÈ

 

Mwen pèdi travay mwen epi dat taks sou pwopriyete mwen an ap bout 31 mas men mwen pap ka peye l, ki sa ki pral pase?

Nan dat 26 mas eta Florid pwolonje dat limit pou peye taks sou pwopriyete pou 15 avril. Si ou pat peye taks sou pwopriyete w la nan dat sa a, pi bonè Miami-Dade ka kòmanse pwosesis pou vann kay ou a pou taks ki poko peye se 2 zan apati 1 jen.

Cheke Miami-Dade tax Collector website pou plis enfòmasyon: https://www.miamidade.gov/global/finance/taxcollector/home.page

Mwen pa ka fè pèman machin mwen an epi mwen bezwen machin lan pou mwen travay. Ki èd ki genyen pou mwen?

Premyèman, rele kreditè ou pi vit ke posib epi mande enfòmasyon pou ou konnen nan ki pwogram ou ka kalifye. Pa egzanp, kreditè ou ka diminye pèman machin ou a oswa pèmèt ou sote kèk pèman epi ajoute yo nan fen prè a. Kreditè a ka ofri ou pou li refinanse prè a tout ansanm ak yon to enterè ki pi ba, sa ap pral diminye pèman machin nan. Sepandan asire ou ke ou okouran si kreditè a ap pwolonje kantite mwa yo pou peye prè a, pa egzanp prè ou a se sou 5 lane epi li refinanse sou 7 lane.

Mwen tap peye prè etid mwen, men kounyea mwen pèdi travay mwen, lwaye ak manje se priyorite m. Kisa mwen ka fè pou pèman mansyèl prè etid la?

Ou gen dwa jwenn kèk soulajman men sa pral depann ki prè etidyan ou gen yen. Moun ki dwe lajan prè federal yo otomatikman te plase nan yon tolerans administratif, ki pèmèt ou sispann fè peman prè a chak mwa pou yon ti tan. Sispansyon pèman sa yo pral dire jiska 30 septanm 2020.To enterè a se 0% jiska 30 septanm sou prè dirèk ki remèt ak sa ki pa remèt, sou prè pwogram FEEL ki remèt ak pa remèt menm jan ak sou prè federal Perkins. Paj entènèt sa bay plis enfòmasyon  sou kisa Depatman edikasyon an ofri: https://studentaid.gov/announcements-events/coronavirus

 

Si ou gen yon prè etidyan prive, kontakte administratè ou touswit pou ou wè ki sa ki disponib pou ou.

 

​​Mwen pat kapab fè pèman ipotèk mwen depi 1 avril e mwen pè pèdi kay mwen, mwen gen jèn timoun ak yon manman granmoun aje ki enfim. Kisa mwen ta dwe fè?

Pa gen yon règleman inifòm pou tout peyi a konsènan COVID-19 ansanm ak yon arè sou pwose poze sele sou ipotèk kay. Soulajman ou kapab jwenn nan depann de ak kiyès ou gen prè ou a. Si ou gen yon ipotèk ki nan men Fannie Mae oswa Freddie Mac (ipotèk ki gen sipò gouvènman federal), oswa si ou gen yon ipotèk VA, FHA oubyen USDA, lèsa tout pwose poze sele kanpe jiska 31 out, 2020. Bank la oswa konpayi ki te prete ou lajan pou ou te achte kay la pa kapab depoze ankenn pwose pou sezi kay ou, li pa kapab depoze ankenn mosyon pou l jwenn yon jijman poze sele kont ou, li pa kapab vann kay la, oswa ekzekite yon manda pou mete ou deyò nan kay la oubyen pou vann kay la nan pwose poze sele a. Anplis de sa, pwopriyetè kay ke COVID-19 afekte epi ki gen ipotèk kay yo ak konpayi sa yo ki anlè a kapab fè yon rekèt pou yo pa peye ipotèk yo pou 180 jou epi apre sa yo kapab fè yon lòt rekèt ankò pou yon lòt 180 jou an plis. Ou kapab itilize lyen entènèt sa pou w konnen ki konpayi ki gen ipotèk kay ou a:

https://www.makinghomeaffordable.gov/get-answers/Pages/get-answers-find-out-mortgage.aspx

 

Si prè ou a pa posede pa youn nan ajans federal sa yo, kontakte kreditè ou. Kreditè a ka ofri w yon sispansyon tanporè oswa rediksyon nan pèman ipotèk.

 

Kèlkeswa moun ki posede prè w la, Gouvènè DeSantis te bay yon Dekrè Egzekitif ki sispann nenpòt aksyon sezi ipotèk jiska 1 out 2020.

 

 

Èske yo bay pitit mwen devwa pandan lekòl yo fèmen?

Wi. Lekòl Leta Konte Miami-Dade ap ofri pwogram aprantisaj a distans ak asistans pou fanmi ki gen dwa pa gen òdinatè oswa tablèt pou fè sa. Ou ka enskri pitit ou oswa aprann plis lè ou rele biwo asistans a distans (305-995-HELP).

 

Èske lekòl yo ap toujou bay manje menm lè yo fèmen an?

Wi,anpil lekòl ap bay manje maten ak apremidi men se pase pou ou pase pran l .

Vizite paj: http://api.dadeschools.net/WMSFiles/223/pdfs/M-DCPS%20Meal%20Distribution%20List%20-%20UPDATED2.pdf

 

Pitit mwen an gen yon andikap ak yon IEP. Èske l ap toujou resevwa sèvis li te konn jwenn nan lekòl la?

Paske lekòl yo fèmen fizikman, men Lekòl Leta Miami-Dade County toujou ofri edikasyon piblik, pitit ou dwe kontinye jwenn aksè nan yon edikasyon piblik apwopriye gratis (FAPE). Sa ka sanble diferan ak ou te konn itilize yo, men andikap pitit ou dwe akomode. Selon Depatman Edikasyon federal la, "lekòl yo dwe asire ke, nan pi bon limit posib, yo bay chak elèv ki gen yon andikap edikasyon espesyal ak sèvis ki gen rapò epi idantifye sèvis elèv IEP  ki te devlope anba IDEA, oswa yon plan devlope anba Seksyon 504 . "

 

ENFÒMASYON POU TI BIZNIS

Ki kalite prè SBA ki disponib pou ti biznis yo ak pou òganizasyon san bi likratif?

Gen de fòm prè SBA ki disponib: Prè akòz Katastwòf ak Lajan Prete chèk Pwoteksyon chèk anba nouvo Lwa CARES la. Pou plis enfòmasyon ak pou aplike pou vizite:

https://www.sba.gov/page/coronavirus-covid-19-small-business-guidance-loan-resources#section-header-2

ak https://www.sba.gov/funding-programs/loans/paycheck-protection-program#section-header-2

 

Èske òganizasyon san bi likratif yo ka aplike pou nouvo pwogram kredi COVID-19 pon Florid la?

Non, pwogram sa a disponib sèlman pou ti biznis.Pou plis enfòmasyon vizite paj: http://floridasbdc.org/disaster/ebl/

 

Èske biznis ou an dwe gen anplwaye pou aplike pou yon prè Pwoteksyon chèk anba Lwa  CARES?

Biznis ki anplwaye kontraktè endepandan yo ka aplike tou, kantite lajan prè a limite a $ 100,000. Tanpri vizite: https://www.sba.gov/funding-programs/loans/paycheck-protection-program#section-header-2 pou plis enfòmasyon sou kalifikasyon ak ki jan pou aplike pou.

 

 

Ki kote mwen ka ale pou plis enfòmasyon konsènan resous pou ti biznis yo ak òganizasyon san bi likratif?

Vizite: https://www.flcommunitydevelopment.org/covid-19-resources

pou yon lis ajou de resous pou ti biznis ak ONG yo.

 

Resous lokal pandan kriz COVID-19 la

Resous kominotè Miami

United Way Asistans

Asistan lojman ak abri

Konte Miami-Dade ap sispann tamporèman degèpisman lojman ak koupe dlo jiska pwochen avi. Sa vle di ofisye lapolis pap ede pwopriyetè nan retire lokatè oswa degèpisman.

Asistans Lwaye ak Fakti tankou limyé, dlo, gaz pou Rezidan North Miami

Asistand Lwaye HAND

Pwogram Asistans Lwaye anIjans Asistans pou Fakti tankou limyé, dlo, gaz

Fon Sekou Pwopriyetè-Lokatè

Utilities

Kouran

Si ou se yon kliyan FPL epi ou pa ka peye alè fwa sa, tanpri klike isit la pou plis enfòmasyon.

 

Asistans pou travay

Si yo revoke w, si w pa ka travay oswa yo pa peye w pou COVID-19 ou ka aplike pou yon reyanbochaj asistans sou entènèt oswa nan telefòn. Pou plis enfòmasyon antre nan paj entènèt Ofisyèl Depatman opòtinite ekonomik: http://floridajobs.org/

Sèvis Adisyonèl

Tanpri rele 211 pou jwenn sèvis sante ak sèvis pou moun, tankou asistans nan Miami-Dade ak Monroe Counties pou bank manje, asistans finansye, ak liy dirèk pou vyolans domestik. Liy dirèk sa a disponib 24 èdtan epi li bay enfòmasyon an Angle, Panyòl, ak kreyòl.

Lisans ak kat idantite

Tout lisans chofè Florid, lisans kondwi komèsyal ak kat idantifikasyon ki pral ekspire nan pwochen 30 jou yo ap jwen yon ekstansyon 30-jou anplis dat ekspirasyon aktyèl yo. Sa a se yon avi nan eta Florid l. Ale sou paj entènèt Florida Highway Safety and Motor Vehicles pou plis enfòmasyon ak dènye enfòmasyon

 

Enfòmasyon ki soti nan Depatman Timoun ak Fanmi

Enfòmasyon ki soti nan USCIS

 

 

 

Lòt Ajans ak Founisè Legal

Pwogram ki fè pledwaye pou Veteran (SSVF)

 

Americans for Immigrant Justice

Biwo AI Justice yo aktyèlman fèmen pou recevwa piblik. AI Jistis ap bay sèvis sou entènèt.

Pou jwenn sèvis, tanpri rele (305) 573-1106, ext 1400 pou resepsyonis la

Catholic Legal Services: enfòmasyon sou sèvis yo disponib sou: www.cclsmiami.org

Oswa itilize fòm online pou aplike pou asistans: https://tinyurl.com/CCLSAPP

 

United Way of Miami

Tout enfòmasyon se sijè a chanje ak pou plis detay òganizasyon an espesifik yo ta dwe konsilte.

21LSGM086_Stimulus-Payments-FLYER-CREOLE
Deklarasyon sou Egalite Rasyal

Deklarasyon sou Egalite Rasyal

Nou kondane Rasis. Dènye asasina ak vyolans konte nèg ak fanm nwa se yon rapèl tris non sèlman sou advèsite ke anpul nan vwazen nou ap andire nan vi yo men tou travay kid we fèt nan peyi nou anvan pou nou reyalize Jistis pou Tout Moun. Nou sipòte yon apèl pou jistis ansanm ak yon fen a sistèm rasis sistemik ki menase vi nèg, fanm ak timoun nwa. 

 

Gen de moman pivo nan istwa nou lè trajedi te fè avanse objektif pou atenn egalite ak jistis pou tout ras. Nou swete ke sa se youn nan moman k ap transfòme peyi nou e pou nou atenn jostis pou tout ras.

 

Pou plis pase 50 lane, pledwaye Legal Services of Greater Miami konsantre li sou jistis ekonomik ak jistis sosyal. Inegalite ke kominote ke pa touche anpil kòb yo se plis vwazen Nwa ak Mawon nou yo ki viktim. Nap kontinye fè pledwaye pou jistis egal ego nan kominote nou epi dedye nou pou adrese enjistis sistemik a travè aksè a lojman an sekirite ansanm ak lojman rezonab, swen sante, edikasyon, asistans gouvènman, prezève revni, ak sipòte ti biznis ki se yon sovè pou kominote minoritè yo. 

 

Pou sipòte efò egalite k ap fèt la, nou rete angaje pou nouu tande vwa kominote nou yo, fè pledwaye pou jistis, epi defye inegalite sistemik. Kòm yon pati angajman nou, manm ekip ak volontè nou yova ekzamine pwòp Pratik nou yo pou nou asire no uke nou adrese inegalite rasyal epi pouf è pwomosyon yon kominote ki enklizif tribò babò. Nou devwe pou nou aprann, evalye, epi pwogrese pandan n ap vanse devan.  

 

Sid Florid la se youn nan kominote ki pi divèsifye nan peyi nou. Nou soti nan tout kat kwen mond la ak diferan kilti, lang, ak tradisyon. Divèsite nou se yon opòtinite pou nou trase yon ekzanp nan fason ke n ap dirije epi pou bati yon kominote enklizif ki fò e ki rezilyan. 

 

Nan Legal Services, no upran angajman pou nou Bati yon Kominote ki gen Jistis Egal Ego pou tout moun, ak Jistis Sosyal, Rasyal, e Ekonomik pou tout moun.

4343 West Flagler Street, Suite 100 Miami, Florida 33134  | Miami-Dade (305) 576-0080  | Monroe (866) 686-2760

alliance for aging.jpg
UWM_CMYK_2021 (1).jpg
LITC.jpg
  • Black Facebook Icon
  • Black Twitter Icon
  • Black Instagram Icon
  • Black LinkedIn Icon
  • Black YouTube Icon
bottom of page